Transfè pou peyi etranje e transfè k ap sòti nan peyi etranje

Posibilite pou resevwa e/oubyen voye lajan sou kont yon lòt moun

Avantages

  • Yon rezo sikisal enpòtan
  • Yon depatman entènasyonal devwe
  • Gen bank korespondan ki mandate pou bay sèvis nan anpil peyi

Karakteristik

  • Posibilite pou resevwa e/oubyen voye lajan sou kont yon lòt moun an dola ameriken, ewo, fran swis, dola kanadyen e/oubyen an liv stèling.

Sa pou w fe anvan

Gen yon kont nan Sogebel

Gen enfòmasyon sila yo:

  • Enfòmasyon sou kont moun k ap resevwa lajan lòtbò dlo a ;
  • Non bank lan
  • Routing number a (pou bank ameriken)
  • Kòd SWIFT (pou tout bank)
  • Nimewo transit (pou bank kanadyen)
  • Non kont moun k ap resevwa lajan an
  • Nimewo kont moun k ap resevwa lajan an
  • IBAN moun k ap resevwa lajan an si se an Ewòp
  • Adrès moun k ap resevwa lajan an
  • Poukisa peman an (rezon)