Prè Imobilye SOGEBEL (PREISO)

PREISO se pi bon jan pou amelyore konfò fanmi an.

Deskripsyon

PRÈ   IMOBILYE SOGEBEL (PREISO) se yon pwodui finansye ki itilize pou finanse akizisyon ak/oswa konstriksyon bilding rezidansyèl ak komèsyal yo. Li vize tout moun k ap viv ann Ayiti ak nan dyaspora ayisyen an.

Karakteristik

  • Dire: Maksimòm 30 an
  • To finansman: 70% a 80% valè garanti a
  • To enterè: selon kondisyon mache an
  • Garanti: nenpòt kalite garanti (garanti ipotèk, ipotèk sou teren ak bilding, moun ki ap garanti pou ou gen yon kont nan SOGEBEL, elatriye)

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri benefis sa yo pou kliyan:

  • Asistans teknik: Evalyasyon ak konsèy nan men Enjenyè nou yo – Evalyatè

Dokiman ou dwe soumèt

  • 2 pyès idantifikasyon valab ; nou ka chwazi nan sa yo:
    • Kat idantifikasyon nasyonal
    • Paspò
    • Lisans
  • Prèv adrès (deklarasyon kont lòt bank, fakti EDH, kontra lokasyon)
  • Prèv revni ki estab
  • Plan ak devi konstriksyon an
  • Plan apantaj
  • Garanti: asirans vi ak milti-risk
  • Yon kopi tit pwopriyete yo nan ka se achte w ap achte