SOGEBEL

La Société Générale Haïtienne de Banque d'Epargne et de Logement S.A.

Istwa

Se 24 me 1988 Sogebel (Sosyete Jeneral Ayisyen Bank Depay ak Lojman) te fonde. Fondatè Gwoup Sogebank lan te vle pote yon repons valab nan sèvis ak pwodui pou yon sèl moun, oubyen pou yon  enstitisyon,  nan sektè imobilye a.

Sogebel se yon filyal imobilye Gwoup Sogebank lan. Konsèy administrasyon miks ki dirije Sogebel la vle adapte l avèk evolisyon mache ayisyen an pou l satisfè bezwen kliyantèl la, kit ou se yon sèl moun, yon antrepriz oubyen yon enstitisyon.

Avèk yon ekip pwofesyonèl konpetan e devwe, SOGEBEL travay pou reyalize objektif li pou li grandi sou mache imobilye e lojman an. Priyorite SOGEBEL yo se  devlope yon estrateji pou li divèsifye e espesyalize sa li ofri nan domèn komèsyal la, pou li adapte ak tranch kliyantèl li kit se pou bezwen yon sèl moun kit se pou bezwen pwofezyonèl.

Vizyon

SOGEBEL vle poze tèt li kòm patnè san mank nan devlopman imobilye ak solisyon finansye ki pote nouvote.

Misyon

Ofri pwodui ak sèvis adapte pou bezwen kliyantèl la nan domèn finansye e imobilye. Pou reyalize sa SOGEBEL itilize kapasite espesyal li kòm ekspè pandan l ap devlope patenarya estratejik, e pandan l ap itilize teknoloji pou amelyore eksperyans kliyan (relasyon antrepriz yo ak kliyan yo).

Valè

SOGEBEL entegre tout valè IMPEC Gwoup SOGEBANK lan, (sa vle di Entegrite, Mobilizasyon, Pèfòmans, Ekip, Kliyan)

  • Entegrite
  • Mobilizasyon
  • Pèfòmans
  • Ekip
  • Kliyan