Prè sou gaj

Deskripsyon

Prè sou gaj se yon kredi pou kliyan selon ekivalan balans kont la bay kòm garanti. Montan prè a pwopòsyonèl ak balans nan kont lan oswa valè byen ki te depoze a. Li pa vize ankenn finansman espesifik. Prè a gen pou objektif pou ede kliyan an rezoud pwoblèm finansman li.

Karakteristik

Pwodui a gen karakteristik sa yo:

  • Dire: 36 mwa
  • To finansman: se ekivalan balans sou kont lan ki  bay kòm garanti
  • To enterè: konpetitif

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • Debousman rapid prè a
  • Aksè sèvis anliy SOGEBEL

Dokiman ou dwe soumèt

Nenpòt moun ki ka bay:

  • Yon dokiman idantite valab ; nou ka chwazi nan dokiman sa yo:
    • Kat idantite nasyonal
    • Paspò
    • Lisans
  • Prèv revni
  • Garanti yo mande yo
  • Yon prèv adrès