Prè Kaybèl

Deskripsyon

Pwodui sa a se pou tout moun, k ap viv ann Ayiti oswa nan dyaspora, ki vle bati premye kay yo.

Karakteristik

Prè a peye an goud. Pwodui a gen karakteristik sa yo:

  • Dire maksimòm: 30 an
  • To enterè fiks: 10% pou 10 premye ane yo
  • To finansman: 80% pri konstriksyon an
  • Kontribisyon pèsonèl: 20% kou pwojè a
  • Depans teknik: Selon pwojè a
  • Komisyon: 3 %
  • Kalite peman: Peye prensipal la ak enterè yo chak mwa
  •  Garanti: Pwopriyete yo dwe bati a ak/oswa nenpòt lòt pwopriyete yo jije nesesè ak tout lòt garanti byen ki vizib ak sa ki pa vizib..

Avantaj pwodui sa a

Pwodui sa a ofri benefis sa yo pou kliyan:

  • Yon pwosedi aplikasyon kredi ase senp epi rapid
  • Aksè rapid pou jwenn fon yo – apre dosye a fin aksepte pa otorite konpetan yo
  • Evalyasyon ak konsèy nan men Enjenyè nou yo – Evalyatè, sipò konsèy pèsonalize ke w ap resevwa nan men ofisye kredi
  • Aksè sèvis anliy SOGEBEL
  • Ranbousman an goud pou evite risk nan chanje deviz
  • Estabilite nan ranbousman (to fiks)
  • Ou pa peye taks sou enterè ou peye sou prè lojman.

Dokiman ou dwe soumèt

Pou ranpli yon aplikasyon kredi, ou bezwen:

  • Yon pyès idantifikasyon valab ; nou ka chwazi nan sa yo:
    • Kat idantifikasyon nasyonal
    • Paspò
    • Lisans
  • Yon rapò evalyasyon pwojè kliyan an vle achte a, ak/oswa plan ak devi konstriksyon, plan apantaj ki gen mwens pase 5 an.
  • Ranpli yon dosye aplikasyon pou prè imobilye
  • Jistifye revni w ase parapò ak kantite lajan ak dire ranbousman w mande (lèt travay, deklarasyon kont labank, deklarasyon finansye, elatriye)
  • Garanti: asirans vi ak milti-risk
  • Yon prèv adrès