Plan Depay Lojman (PEL)

Deskripsyon

PLAN DEPAY LOJMAN (PEL) se yon pwodui depay ki fèt pou fiti pwopriyetè kay pou ede yo reyalize rèv yo.

Pwodui sa a pèmèt ou ekonomize yon ti sòm lajan regilyèman pandan lontan ak objektif pou akimile ase pou pèmèt ou benefisye yon prè pou reyalizè yon pwojè konstriksyon, akizisyon oswa renovasyon yon kay.

Karakteristik

  • Kont la ka ouvè an goud ou an dola.
  • Posiblite pou fè yon premye peman (kontribisyon) pou yon pwojè imobilye finanse pa SOGEBEL.
  • To enterè a kalkile sou balans minimòm lan chak mwa.
  • Pa peye enterè si kontra a pa respekte.
  • Kliyan an ap chwazi yon dire tan lè li ouvri PEL la.
  • Rannman yo konpetitif: To enterè kliyan an ap resevwa a siperyè a sa ki sou mache a.
  • Peman yo fèt nan yon dat fiks sou yon baz mansyèl. Kliyan an ka pwograme yon peman adisyonèl volontèman chak mwa oswa chak trimès.
  • Kont lan ouvè sou non yon moun natirèl oswa legal (kont endividyèl/kont konjwen)
  • Posiblite pou benefisye enterè ki akimile apati senkyèm ane anivèsè kont la.
  • Yo kalkile enterè sou balans mwayèn ki sou kont lan chak mwa epi yo peye yo chak dezan.
  • Apre 12 mwa inaktivite, yo konsidere kont lan kòm dòman epi yo konvèti l nan yon kont depay regilye
  • Nenpòt chanjman nan tarif yo pral fèt chak trimès
  • Kont lan kapab sou non yon minè

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo pou kliyan an:

  • Posiblite pou akimile yon kapital kap gwosi pou finanse konstriksyon, akizisyon oswa renovasyon kay oswa yon teren.
  • Lè deklarasyon definitif enpo, valè lajan depay anyèl la dediktib.
  • Aksè a tout seri pwodui ak sèvis SOGEBEL ofri.
  • Posiblite pou fè peman adisyonèl nenpòt ki lè
  • Posiblite pou itilize ekonomi sa a pou benefisye yon prè SOGEBEL.
  • Montan ki sou kont lan ka itilize kòm kolateral pou fasilite yon kredi.
  • Posiblite pou gen pi bon kondisyon finansman pou prè byen imobilye (to, frè aplikasyon, elatriye) ak evalyasyon pwopriyete a.

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat idantifikasyon nasyonal

Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):

  • Fakti EDH
  • Fakti DINEPA
  • Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.