Kont depay SOGEBEL (CESO)

Deskripsyon

KONT DEPAY SOGEBEL la pèmèt kliyan yo depoze nenpòt ki lè nan yon kont, yon pati nan revni yo p ap itilize pou depans konsomasyon pandan yon tan done. Moun ki gen kont sa a resevwa yon kanè.

Karakteristik

  • Kont lan ka ouvè avèk yon depo minimòm: 1,000 goud oswa US$20
  • To enterè: selon kondisyon mache an
  • Kalkil enterè: chak mwa, epi kalkile sou balans pi piti an
  • Balans minimòm pou gen enterè: 1,000 goud oswa US$20
  • Enterè sou kont ou chak trimès
  • To a ka revize selon to ki sou mache an, apre yo fin avize kliyan an.
  • Kenbe yon balans minimòm US $500 oswa 50,000 goud pou evite peye frè chak mwa.

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • Li pèmèt ou mete lajan sou kote, pou w fè kèk depans oswa pou w reyalize objektif alontèm, tankou achte yon kay oswa pran vakans alavni.
  • Li kapab sèvi kòm sekirite nan ka ta gen evènman enprevi, tankou si ou pèdi travay ou oswa nan ka maladi
  • Aksè sèvis anliy SOGEBEL

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat idantifikasyon nasyonal

Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):

  • Fakti EDH
  • Fakti DINEPA
  • Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.