Prè Plizyè Izaj

Deskripsyon

Prè Plizyè Izaj se pou fasilite kredi pou finansman plizyè pwojè diferan: renovasyon, ijans, konsolidasyon dèt, elatriye… Se yon pwodui ki dedye a kliyan ki gen yon bon istwa kredi. Li gen entansyon ede yo fè fas ak mank lajan kach epi soulaje presyon adisyonèl yon enprevi kapap pote.

Karakteristik

Pwodui a ka an goud oswa dola ak karakteristik sa yo:

  • Dire: 6 mwa jiska 10 zan
  • To enterè: selon kondisyon mache an
  • Frè teknik: evalyasyon byen k ap sèvi kòm garanti
  • Komisyon: negosyab
  • Kalite peman: Pou negosye
  • Garanti: nenpòt kalite garanti (DAT oswa lòt pwopriyete k ap sèvi kòm garanti)

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • Evalyasyon ak konsèy nan men Enjenyè nou yo – Evalyatè, sipò konsèy pèsonalize kliyan an ap resevwa nan men ofisye kredi

Dokiman ou dwe soumèt

Nenpòt moun ki ka bay:

  • Yon pyès idantifikasyon valab ; nou ka chwazi nan sa yo:
    • Kat idantifikasyon nasyonal
    • Paspò
    • Lisans
  • Garanti yo mande yo
  • Prèv adrès
  • Gen yon istwa kredi nan sistèm bankè a (BIC)
  • Gen yon liy kredi ak SOGEBEL
  • Montre kapasite pou jenere revni ki estab e kapab sipòte obligasyon mansyèl yo
  • Gen yon montan global ki reprezante omwen 80% valè pwopriyete a kòm garanti