Plan depay Retrèt (PER)

Deskripsyon

PLAN DEPAY RETRÈT (PER) se yon kont ki fèt pou kliyan k ap chèche maksimize rannman sou ekonomi yo pou l planifye retrèt alontèm. PER a se yon kont depay pou retrèt endividyèl, nenpòt ki moun fizik ka louvri l. Lajan yo bloke ; kliyan yo ka fè retrè a tèm.

Karakteristik

  • Nou ka louvri kont lan avèk yon depo 2500 goud oswa US$200 minimòm ak yon garanti pou depoze yon montan fiks chak mwa jiska echeyans.
  • To enterè: selon kondisyon mache yo, li kalkile sou balans minimòm chak mwa.
  • Enterè yo pa peye si kontra a pa respekte
  • Yon dire kliyan an chwazi lè l ap louvri PER la.
  • Konpansasyon konpetitif
  • Peman yo fèt nan yon dat fiks chak mwa
  • Posibilite pou fè peman adisyonèl nenpòt ki lè
  • Disponib pou moun ki gen omwen 18 an

Avantaj pwodui a

PER ofri avantaj sa yo pou kliyan an:

  • Posiblite pou akimile yon kapital k ap ògmante pou asire vyeyès li
  • Pi bon to pase to kont depay klasik yo
  • Avantaj fiskal: Lè deklarasyon definitif enpo, kantite lajan nan revni l kliyan an te ekonomize nan kont lan dediktib.
  • Posiblite pou itilize ekonomi sa a kòm lajan kach garanti pou benefisye yon prè nan SOGEBEL

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat idantifikasyon nasyonal

Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):

  • Fakti EDH
  • Fakti DINEPA
  • Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.