Transfè an sekirite ki chita sou yon sistèm pèfòman

Avantaj

  • Transfè rapid (kèk minit).
  • Transfè an sekirite chita sou yon sistèm pèfòman.
  • Plis pase 500,000 ajan Westèn Inyon otorize prezan nan plis pase 200 peyi.

Karakteristik

  • Ekspedisyon ak resepsyon transfè lajan entènasyonal.
  • Ekspedisyon ak resepsyon transfè lajan lokak oubyen nan rejyon an
  • Posibilite tranfere lajan dirèkteman sou yon kont nan yon bank etranje depi Ayiti. (Dirèkteman nan bank lan : D2B)

Sa pou w fe anvan

Pou resevwa yon transfè lajan (avèk Westèn Inyon) :

  • Ale nan youn nan skikisal Sogebel yo, ak yon pyès idantite valid e nimewo transfè a (MTCN)
  • Ranpli fòmilè Westèn Inyon an pou resevwa lajan an.

Pou ekspedye yon transfè (avèk Westèn Inyon):

  • Ale nan youn nan sikisal Sogebel yo, ak valè lajan ou vle ekspedye a, pote tou kòdone moun ki dwe resevwa lajan an (benefizyè a)
  • Ranpli fòmilè ekspedisyon lajan an.

Pou  ekspedye yon transfè (D2B – Dirèk ba yon Bank):

  • Bank k ap ekspedye lajan an dwe afilye nan sèvis D2B avèk Westènn Inyon
  • Ekspeditè a dwe okouran tout enfòmasyon debaz yo (Non bank la,- non, adrès fizik, nimewo telefòn mèt kont lan – nimewo kont lan – routing lan oubyen ABA)

Eseye sèvis sa a kounye a:

Konekte nan kont Sogebanking ou