Kont kouran

Deskripsyon

KONT KOURAN se yon enstriman peman ki fasilite tranzaksyon chak jou.

Karakteristik

  • Kont lan ouvè an goud ak yon depo minimòm de 25,000 goud
  • Ou dwe kenbe yon balans 5,000 goud sou kont lan.
  • Kantite chèk yo ka ekri: San limit
  • Etakont lan disponib anliy

Avantaj pwodui an

Kont la pèmèt detantè a:

  • Kòmande chekye anliy

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

Selon sikilè 99-3 BRH la, pou ou idantifye yon pèsòn moral, ou gade eleman sa yo : « denominasyon sosyal la, prèv li kreye selon lalwa, adrès syèj sosyal la, idantite administratè yo e enfòmasyon sou disposisyon ki reglemante fason pou angaje pèsòn moral sa a ».

  • Adrès syèj prensipal sosyete a ak sikisal yo, si se pa sa :
  • Nimewo telefòn, adrès elektronik, sit entènèt ;
  • Non ak prenon asosye yo ak benefisyè reyèl yo, peyi residans yo, pousantaj pa sosyal yo genyen nan sosyete a ;
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès asosye mandatè yo, telefòn, adrès elektronik ;
  • Non ak prenon aksyonè yo, peyi rezidans yo, kategori aksyon yo genyen nan sosyete a, (aksyon nominatif, oubyen aksyon sou non moun ki prezan an, pousantaj aksyon yo genyen (nan ka sosyete anonim yo);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo ak benefisyè reyèl yo, telefòn, adrès elektronik;
  • Non ak prenon dirijan yo, fondatè yo, manm konsèy administrasyon an, pwopriyetè yo (selon fòm jiridik la : ONG, fondasyon, koperativ, sosyete anonim, antrepriz komèsyal);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo, telefòn, adrès elektronik.