Plan Depay Retrèt konpayi/enstitisyon

Deskripsyon

PLAN DEPAY RETRÈT la fèt pou enstitisyon ki vle ede anplwaye yo bati yon fon adisyonèl pou pran retrèt yo.

Enstitisyon an abone nan pwogram PER la pou kèk oswa tout anplwaye li yo.

Karakteristik

Plan an ka an goud ou an dola. Li gen karakteristik sa yo:

  • Balans minimòm pou ouvè kont lan: Zewo
  • Peman kotizasyon: chak mwa nan yon dat fiks ki te deja deside.
  • Dire : san limit
  • To enterè: selon kondisyon mache a
  • Peman enterè: chak mwa
  • Pa gen retrè, sof nan ka kont la ap fèmen sou demann biznis la oubyen enstitisyon an

Avantaj pwodui an

  • PER/Konpayi a pèmèt anplwaye a, an akò ak enstitisyon li a, fè ekonomi piti piti pandan l ap travay pou enstitisyon an, pou l ka benefisye de fon an lè li pran retrèt li.
  • Anplwaye a pa peye taks sou kòb li depose yo.
  • Plan depay retrèt ki pwopoze an pèmèt enstitisyon yo ranfòse politik pou yo kenbe anplwaye yo.
  • Montan anplwaye a akimile a ka itilize kòm garanti pou jwenn yon prè pou menm montan an.
  • Pi bon to pase yon kont depay klasik.

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

Selon sikilè 99-3 BRH la, pou ou idantifye yon pèsòn moral, ou gade eleman sa yo : « denominasyon sosyal la, prèv li kreye selon lalwa, adrès syèj sosyal la, idantite administratè yo e enfòmasyon sou disposisyon ki reglemante fason pou angaje pèsòn moral sa a ».

  • Adrès syèj prensipal sosyete a ak sikisal yo, si se pa sa :
  • Nimewo telefòn, adrès elektronik, sit entènèt ;
  • Non ak prenon asosye yo ak benefisyè reyèl yo, peyi residans yo, pousantaj pa sosyal yo genyen nan sosyete a ;
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès asosye mandatè yo, telefòn, adrès elektronik ;
  • Non ak prenon aksyonè yo, peyi rezidans yo, kategori aksyon yo genyen nan sosyete a, (aksyon nominatif, oubyen aksyon sou non moun ki prezan an, pousantaj aksyon yo genyen (nan ka sosyete anonim yo);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo ak benefisyè reyèl yo, telefòn, adrès elektronik;
  • Non ak prenon dirijan yo, fondatè yo, manm konsèy administrasyon an, pwopriyetè yo (selon fòm jiridik la : ONG, fondasyon, koperativ, sosyete anonim, antrepriz komèsyal);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo, telefòn, adrès elektronik.