Sèvis pewòl pou konpayi/enstitisyon

Karakteristik

Sèvis la ka disponib an goud ak dola avèk karakteristik sa yo:

  • Transfè yon kont sou yon lòt kont
  • Tan egzekisyon: Kont tout patisipan yo kredite 48 è apre yo fin resevwa lòd nan men sèvis pewòl.
  • Frè: Pa gen frè pou anplwaye a pou sèvis sa a. Sepandan, patwon an dwe peye bank la 1-2% sou kantite lajan pewòl la.

Avantaj pwodui

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • Redwi depans administratif lè yo bay yon sèl chèk oswa transfè pou tout anplwaye yo.
  • Redwi risk pou vòl chèk oswa lajan kach.
  • Li pèmet ogmante pwodiktivite a pase li diminye reta administratif ki ka rive lè distribisyon pewòl la fèt ak kach.
  • Anplwayè a ap enfòme anplwaye li yo sou vèsman salè yo nan bank la yon fwa li depoze peman an nan delè li sipoze fèt la
  • Resevwa salè a dirèkteman nan kont ou nan bon jan sekirite
  • Lajan an disponib tou suit pou anplwaye yo san yo pa bezwen tann on peryòd pou chèk yo debloke.

Dokiman ou dwe soumèt

Nenpòt enstitisyon ki ka bay:

  • Yon lèt demann
  • Dokiman legal konstitisyon (otorizasyon fonksyone, Ak konstititif, règleman entèn, patant, elatriye).
  • Kopi dokiman idantite ofisyèl valab reprezantan legal enstitisyon an
  • Prèv adrès fizik