Depo a Tèm (DAT)

Deskripsyon

DEPO A TÈM (DAT) se yon kont depay espesyal ki pèmèt kliyan yo fè envèstisman. Kantite lajan yo depoze a bloke dapre kondisyon ki defini nan kontra ant bank la ak kliyan an. Pwodui sa a fèt pou nenpòt kliyan kit se yon patikilye kit se yon biznis ki gen yon sòm lajan li swete rapòte l bon to enterè.

Karakteristik

  • Kont la ka ouvè an goud ou an dola
  • Balans minimòm pou ouvèti: 50,000 goud oswa US$ 1,000.00
  • To enterè: Selon tèm, montan, ak mache an
  • Peman enterè : Chak mwa, chak trimès oswa lè ekspirasyon depo a rive.
  • To enterè konpetitif kalkile chak jou.
  • DAT renouvlab otomatikman (fòk ou fè demann la), avèk oubyen san kapitalizasyon enterè yo.

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo pou kliyan an:

  • To rannman an pi wo konpare ak rannman nan kont depay sou mache a.
  • Pèmèt ou akimile kapital pou yon pwojè alavni.

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

Selon sikilè 99-3 BRH la, pou ou idantifye yon pèsòn moral, ou gade eleman sa yo : « denominasyon sosyal la, prèv li kreye selon lalwa, adrès syèj sosyal la, idantite administratè yo e enfòmasyon sou disposisyon ki reglemante fason pou angaje pèsòn moral sa a ».

  • Adrès syèj prensipal sosyete a ak sikisal yo, si se pa sa :
  • Nimewo telefòn, adrès elektronik, sit entènèt ;
  • Non ak prenon asosye yo ak benefisyè reyèl yo, peyi residans yo, pousantaj pa sosyal yo genyen nan sosyete a ;
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès asosye mandatè yo, telefòn, adrès elektronik ;
  • Non ak prenon aksyonè yo, peyi rezidans yo, kategori aksyon yo genyen nan sosyete a, (aksyon nominatif, oubyen aksyon sou non moun ki prezan an, pousantaj aksyon yo genyen (nan ka sosyete anonim yo);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo ak benefisyè reyèl yo, telefòn, adrès elektronik;
  • Non ak prenon dirijan yo, fondatè yo, manm konsèy administrasyon an, pwopriyetè yo (selon fòm jiridik la : ONG, fondasyon, koperativ, sosyete anonim, antrepriz komèsyal);
  • Non ak prenon, pwofesyon, adrès mandatè yo, telefòn, adrès elektronik.