Plan Depay pou Jèn (PEJ)

PEJ la se yon solisyon ideyal pou garanti siksè jèn yo.

Deskripsyon

PLAN DEPAY pou JÈN se yon kont espesyal ki dedye pou jèn yo. Se yon paran oswa yon gadyèn legal sèlman ki ka louvri yon kont pou yon minè. Ouvèti, fèmti ak jesyon kont la gratis.

Pwodui sa a se pou moun ki gen 0 a 23 lane ak paran ki vle ede pitit yo reyalize plan yo pi devan.

Karakteristik

  • Ou ka louvri kont lan avèk yon depo minimòm: US$50 dola oswa 5,000 goud.
  • Balans minimòm pou kenbe nan kont lan pou kalkil enterè a: US $50 oswa 5,000 goud.
  • Posiblite pou fè 2 retrè anyèl pandan tout dire kont lan. Nan ka fòs majè, si ou fè  nenpòt retrè adisyonèl w ap bije peye frè.
  • Se yon paran ak yon pitit li ki poko gen 18 an oswa yon jèn moun ki gen omwen 18 an ki jere kont la.
  • To enterè a 2 fwa pi wo pase to enterè yon kont depay regilye.
  • Kapitalizasyon fèt chak mwa epi yo peye enterè yo nan dat echeyans yo.

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • To rannman an pi wo pase rannman sou lot kont depay sou mache an.
  • Nouvo kont ki louvri lè PEJ an fini kenbe estati ansyen li.
  • Pa gen frè antretyen chak mwa.
  • Aksè sèvis anliy.

Kondisyon espesyal

  • Lè kont lan louvri, jèn moun nan ak / oswa paran kliyan an ki poko gen 18 lane a dwe siyen yon kontra angajman ki espesifye kondisyon pwodui a.
  • Pou nenpòt tranzaksyon retrè sou kont lan paran an oswa gadyen legal la.dwe bay otorizasyon l.

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat idantifikasyon nasyonal

Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):

  • Fakti EDH
  • Fakti DINEPA
  • Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.