Deskripsyon
KONT DEPAY SOGEBEL la pèmèt kliyan yo depoze nenpòt ki lè nan yon kont, yon pati nan revni yo p ap itilize pou depans konsomasyon pandan yon tan done. Moun ki gen kont sa a resevwa yon kanè.
Karakteristik
- Kont lan ka ouvè avèk yon depo minimòm: 1,000 goud oswa US$20
 - To enterè: selon kondisyon mache an
 - Kalkil enterè: chak mwa, epi kalkile sou balans pi piti an
 - Balans minimòm pou gen enterè: 1,000 goud oswa US$20
 - Enterè sou kont ou chak trimès
 - To a ka revize selon to ki sou mache an, apre yo fin avize kliyan an.
 - Kenbe yon balans minimòm US $500 oswa 50,000 goud pou evite peye frè chak mwa.
 
Avantaj pwodui an
Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:
- Li pèmèt ou mete lajan sou kote, pou w fè kèk depans oswa pou w reyalize objektif alontèm, tankou achte yon kay oswa pran vakans alavni.
 - Li kapab sèvi kòm sekirite nan ka ta gen evènman enprevi, tankou si ou pèdi travay ou oswa nan ka maladi
 - Aksè sèvis anliy SOGEBEL
 
Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont
1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;
- Paspò
 - Lisans
 - Kat idantifikasyon nasyonal
 
Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):
- Fakti EDH
 - Fakti DINEPA
 - Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.
 
				
