Plan Depay Boni (PEBO)

Deskripsyon

PLAN DEPAY BONI (PEBO) se yon kont espesyal ki fèt pou pèmèt yon kliyan depoze yon kantite lajan fiks, ki te deside davans, nan yon tan espesifik pou yon objektif espesyal. PEBO vize kliyan ki gen yon pwojè kote yo vle akimile kapital pou yon objektif byen espesifik oswa ki prevwa rasanble yon lajan kach k ap sèvi kolateral pou yon kredi ki ka depase kapital li akimile an.

Karakteristik

  • Nou ka louvri kont lan an goud sèlman ak yon minimòm: 10,000 goud. Kliyan an oblije fè yon depo nan yon kantite lajan fiks nan peryòd yo endike jiska echeyans.
  • Echeyans : 12 mwa ak yon frekans peman anyèl
  • Yon peman adisyonèl nan dat anivèsè kont lan
  • Yon peman chak kenz jou (kidonk 24 peman apre 12 mwa)
  • Okenn retrè pa ka fèt sou kont lan. Nan ka ta gen retrè, kont lan pa kalifye ankò pou peman enterè anyèl

Avantaj pwodui an

Pwodui sa a ofri avantaj sa yo:

  • To rannman an pi wo konpare ak rannman nan kont depay ki disponib sou mache a
  • Ou ka akimile kapital pou yon pwojè alavni.
  • Posiblite pou jwenn kredi lè echeyans lan rive pandan ou kenbe lajan ou epi bati ekonomi pou lòt pwojè alavni.
  • Aksè sèvis anliy SOGEBEL

Kondisyon espesyal

Lè li louvri kont lan, kliyan an dwe siyen yon kontra angajman ki espesifye kondisyon pwodui a. Labank la ap eksplike klèman tout kondisyon ki lye ak pwodui a pou kliyan an, tankou obligasyon pou peye yon kantite lajan fiks selon peryòd li te chwazi an.

Nan plas enterè yo, kliyan an ap resevwa yon bonis espesyal lè echeyans lan rive si li respekte angajman li yo.

Dokiman ou bezwen lè w ap louvri yon kont

1 nan 3 pyès didantite sa yo ki ajou;

  • Paspò
  • Lisans
  • Kat idantifikasyon nasyonal

Prèv adrès (1 nan dokiman sa yo):

  • Fakti EDH
  • Fakti DINEPA
  • Nenpòt ki lòt fakti oubyen pyès ki pwouve ou abite nan adrès sa a.